"Nou p ap sispann ostilite yo jiskaske negosyasyon sa yo mennen nan yon rezilta ki solid e ki dire lontan, epi ki apwopriye pou Federasyon Larisi a," dapre sa Sergei Lavrov deklare devan laprès pandan li t ap vizite Ankara nan peyi Tiki.
Moskou, an reyalite, egzije yon rediksyon total lame ikrenyen an, pou Kiev remèt li senk rejyon ki anba okipasyon an pati oswa ann antye, pou Ikrèn abandone tout lide pou li ta vin manm L’OTAN, epi pou yo mete an plas nouvo otorite nan peyi Ikrèn.