Accessibility links

 
Trump di Dan Bongino Pral Direktè Adjwen FBI
Breaking News

Trump di Dan Bongino Pral Direktè Adjwen FBI


Trump FBI Bongino
Trump FBI Bongino

WASHINGTON, 23 fevriye (Reuters) – Prezidan ameriken an, Donald Trump anonse sou rezo sosyal yo dimanch ke Dan Bongino, yon animatè konsèvatè, pral nonmen direktè an apre FBI.

Bongino pral rejwenn Kash Patel, ke Sena fèk konfime kòm direktè FBI. Trump te deklare Patel te nonmen Bongino nan wòl sa a. Pozisyon sa pa egzije pou jwenn konfimasyon Sena a.

"Bon nouvèl pou lapolis ak jistis Ameriken!" se mesaj sa PrezidanTrump te afiche sou rezo sosyal li “Truth Social”, li rele Bongino "yon nonm ki gen lanmou ak pasyon enkwayab pou peyi nou an."

Bongino te deja yon polisye nan NYPD ak yon manm nan “US Secret Service”. Sa pa gen lontan yo te rekonèt li kòm yon animatè radyo konsèvatè ak podcaster.

Trump te di nan pòs li a, ke Bongino "pare pou abandone" ajanda li pandan l ap antre nan nouvo wòl la. "The Dan Bongino Show" te fèk klase kòm 56zyèm “podcast” nan peyi Etazini, dapre Spotify.

XS
SM
MD
LG