Accessibility links

 
Trump di li 'Byen Ranseye' sou Aksidan Avyon Washington nan
Breaking News

Trump di li 'Byen Ranseye' sou Aksidan Avyon Washington nan


Prezidan Donald Trump pale anvan li siyen Lwa Laken Riley a nan Lamezonblanch, 29 Janvye 2025.
Prezidan Donald Trump pale anvan li siyen Lwa Laken Riley a nan Lamezonblanch, 29 Janvye 2025.

Lamezonblanch pibliye yon deklarasyon Prezidan Donald Trump ki di: "mwen byen ranseye sou aksidan terib ki fèk dewoule nan Ayewopò Nasyonal Reagan. Bondye Beni nam yo. Mèsi pou travay enkwayab sekouris nou yo ap fe. Map suiv sityasyon an e mwen va bay plis detay lè mwen genyen yo."

Trump pibliye tou yon mesaj sou rezo sosyal Truth Social kote li kestyone taktik elikoptè militè a ak kontwolè trafik ayeryen yo te anplwaye - tou le 2 ajans sa yo gen prezidan an kom chèf yo.

Mesaj li pibliye a di: "avyon an tap fè yon apwoch pafè e woutin pandan yon bon moman syèl la te klè, poukisa elikoptè a pat monte oswa bese oswa vire e poukisa tou kontwol la pa di elikoptè a sa l dwe fè olye yo mande si l wè avyon an."

Li te ajoute: "se yon nuit terib. Bondye Beni nou tout!"

XS
SM
MD
LG