Accessibility links

 
CDC Resevwa Lòd pou Kanpe Travay ak OMS Imedyatman
Breaking News

CDC Resevwa Lòd pou Kanpe Travay ak OMS Imedyatman


FILE PHOTO: A general view of Centers for Disease Control and Prevention (CDC) headquarters in Atlanta
FILE PHOTO: A general view of Centers for Disease Control and Prevention (CDC) headquarters in Atlanta

NEW YORK (AP) — Otorite sante piblik Etazini yo resevwa enstriksyon pou yo imedyatman sispann travay ak Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS). Desizyon sipriz sa a konsantre sou Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) Etazini.

Yon responsab nan CDC voye yon memo bay lidè an chèf ajans la yo dimanch swa, pou enfòme yo tout anplwaye yo ki ap travay ak OMS dwe kanpe kolaborasyon yo imedyatman epi “rete tann plis direktiv.”

Associated Press te wè memo a. Ekspè yo di kanpe bridsoukou sa a se yon sipriz epi li pral retade travay sou ankèt ak tantativ pou kwape epidemi viris Marburg ak mpox ann Afrik.

XS
SM
MD
LG