"Devan yon atitid ostil pou depòte " ondiryen " yo an mas, nou ta dwe konsidere yon chanjman nan politik koperasyon nou ak Etazini, espesyalman nan domèn militè, kote yo te kite baz militè sou tèritwa nou san yo pa peye yon santim pandan plizyè deseni," se sa Madan Castro te di sou radyo ak televizyon nasyonal yo.
"Nan ka sa a, (baz militè yo) ta pèdi tout rezon pou egziste nan Ondiras," prezidan gòch la te ajoute.
Etazini te bati, pami lòt bagay, baz Palmerola nan Comayagua, nan sant peyi a, nan ane 1980 yo, pou yo konbat mouvman kominis sou kontinan an.
Nou espere nouvo administrasyon ameriken prezidan eli Donald Trump la ap louvri pou dyalòg, konstriktif ak zanmitay, li pap fè reprezay san nesesite kont migran nou yo ki, an jeneral, pote yon kontribisyon enpòtan nan ekonomi ameriken an," se sa Madan Castro te mande.
Daprè vis-minis afè etranjè Ondiras la, Tony Garcia, gen anviwon 250,000 ondiryen sou lis moun ki ka depòte soti nan Etazini an 2025, e Ondiras pa pare pou akeyi yon kantite moun konsa.
Anviwon 2 milyon ondiryen ap viv nan Etazini, pifò nan yo san papye, e sa yo voye kòm lajan nan peyi a reprezante plis pase 25% nan pwodui entèn brit peyi Ondiras.