Accessibility links

 
Yon Kou Dapèl Deside Wete Pwosekitè Fani Willis nan Dosye Lajitis Jòji Gen Kont Trump la
Breaking News

Yon Kou Dapèl Deside Wete Pwosekitè Fani Willis nan Dosye Lajitis Jòji Gen Kont Trump la


FILE PHOTO: Trump prosecutor hearing in Atlanta
FILE PHOTO: Trump prosecutor hearing in Atlanta

ATLANTA (AP) — Yon kou dapèl nan eta Jòji retire Pwokirè Distri Fulton nan Fani Willis nan dosye lajitis eta a genyen kont prezidan eli Trump akoz yo di li te eseye fè koken ak rezilta eleksyon 2o2o yo.

Desizyon sa a ke kou dapèl la pran Jedi 19 desanm kite gwo ensètitid sou avni pwosè a kont prezidan eli ak plizyè lòt akize.

Dosye legal sa a te deja bloke pandan plizyè mwa pandan ke Kou Dapèl Jòji tap konsidere apèl ke sispè yo te fè anvan pwosè a.

Desizyon sa a vle di se Konsèy Biwo Pwosekitè Avoka a ki dwe jwenn yon lòt avoka pou pran an chaj dosye a epi deside si wi ou non yap kontinye pouswiv li.

Men, sa ta ka retade dosye a plis si Willis deside fè apèl ak desisyon sila devan Kou Siprèm eta Joji.

XS
SM
MD
LG