Nominasyon Mesye Bayrou, yon veteran politik fransè ki gen 73 lane epi alye istorik Prezidan Macron, rive nèf jou apre gouvènman Michel Barnier te tonbe apre yon vòt sansi istorik li te jwenn nan men depite goch ak ekstrèm dwat, le 4 desanm.
Pasasyon pouvwa ant de mesye sa yo ap fèt vandredi a 5 kè nan apremidi (16 è GMT), dapre sa AFP aprann nan men sèvis Premye Minis la.
Mesye Bayrou vin sizyèm lokatè Matignon, kote biwo Premye Minis yo ye, depi premye eleksyon Emmanuel Macron nan lane 2017 – e katriyèm nan ane 2024, yon enstabilite nan ekzekitif la Lafrans pa t janm konnen depi plizyè deseni.
Nan tèt yon "gouvènman enterè jeneral" "redwi", jan Emmanuel Macron te vle sa, Mesye Bayrou ap fè fas ak yon kokennchenn misyon, kote priyorite li se bidjè 2025 la, nan yon moman kote Lafrans anglouti nan dèt.
Nan yon kontèks kote kòlè agrikiltè yo ap grandi epi plan sosyal yo ap miltipliye, nivo defisi ak dèt peyi a pral "yon reyalite ki pral enpoze tèt li sou nenpòt gouvènman, kèlkeswa moun ki nan tèt li," jan Michel Barnier te di anvan yo te ranvèse l.
Pandan yo ap tann nouvo bidjè sa a adopte, yon pwojè "lwa espesyal" ki jwenn konsansis pou pèmèt fonksyònman leta kontinye pral egzamine lendi nan Asanble Nasyonal la.