Chèf egzekitif la dwe ale nan Palè Elysée a nan 10:00 AM (09:00 GMT). Chèf leta a ap pale ak fransè yo a 8:00 PM (7:00 GMT), dapre sa antouraj li te di.
Se yon entèvansyon nesesè, paske kriz politik la pwofon depi lè Asanble Nasyonal kraze sanzatann nan mwa jen an, yon desizyon ki te pran pa M. Macron apre echèk pati li a nan eleksyon Ewopeyen yo kont ekstrèm dwat la.
Eleksyon lejislatif yo ki te fèt apre sa te mennen nan fòmasyon yon asanble ki divize an twa blòk (alyans goch, makwonis, ak dwat ak ekstrèm dwat), kote pa gen okenn blòk ki gen yon majorite total. Apre 50 jou negosyasyon, yon gouvenman dwat ak sant te finalman nonmen nan kòmansman septanm.
Apèn sèlman twa mwa apre, Asanble a rejte gouvènman sa. Se premye fwa sa rive depi 1962 nan Lafrans. Men, li se tou yon move rekò pou egzekitif la k ap kite pouvwa a: pa gen okenn gouvenman ki te fè yon tan kout konsa depi senkyèm Repiblik fransè a te pwoklame an 1958.
Kou sa a te di pou pouvwa a paske sansi a te vote avèk yon gwo majorite, apre twa zèdtan edmi deba ki tèlman chaje ak emosyon nan sal la, avèk 331 vwa, pandan sèlman 288 te nesesè.
Pou rive nan rezilta sa a, palmantè goch ak pati ekstrèm dwat Rasanbleman Nasyonal ansanm ak alye yo te vote ansanm pou sansire gouvenman an sou kesyon bidjè a, pandan Lafrans ap fè fas ak gwo dèt.
Pati goch radikal La France Insoumise (LFI) imedyatman mande demisyon chèf leta a. Prezidan gwoup LFI nan Asanble Nasyonal la, Mathilde Panot, mande Emmanuel Macron pou li ale, epi li mande pou gen eleksyon prezidansyèl ki fèt avan lè.