Gen plis pase 1 milyon migran kap viv epi travay legalman Ozetazini anba Stati Pwoteje Tanporè a (TPS).
Yo soti nan 17 peyi ke Etazini konsidere kom peyi kote pa gen sekirite.
Men Prezidan-eli Donald Trump ak kolistye li, JD Vance sigjere yo pral redui izaj TPS anba nouvo administrasyon yo a.
Militan yo di sa kreye anksyete pou moun ki jwi pwoteksyon kont depotasyon.
Pami yo gen plizyè milye Venezyelyen ki kouri kite peyi yo akoz zak vyolans politik ak tibilans ekonomik.
Ayisyen, Venezyelyen ak Salvadoryen reprezante pi gwo gwoup migran ki benefisye TPS e se yomenm ki fè fas ak pi gwo risk yo.
Trump ak Vance te pwopaje deklarasyon san fondman sou migran Ayisyen kap viv epi travay legalman nan Springfield, Ohio anba TPS. Li di Ayisyen yo ap manje chat ak chen moun. Otorite vil la di se pa vre.
Trump anplifye tou deklarasyon majistra Aurora, Colorado fè pou di kom kwa gang Venezyelyen te pran kontwol yon bilding kote ki gen apatman. Gen anpil dout sou sa.
Maribel Hidalgo, yon Venezyelyen ki kouri kite peyi li ansanm ak pitit gason ni ki gen 1 an di AP: "TPS te sèl espwa mwen. M gen kè sote pa egzanp dèske apre tout sa mwen finn soufri pou ke pitit gason mwen te ka rive Etazini, yo pral voye nou tounen."
Ayeropo entènasyonal Potoprens la fèmen semèn sa a apre gang ame yo tire sou yon vol komèsyal ki tapral ateri nan moman yon nouvo premye minis enterime tap prete sèman. Administrasyon Federal Aviyasyon an FAA, entèvi avyon Ameriken yo ateri an Ayiti pou 30 jou.
Vania Andre, direktris jounal The Haitian Times, di AP: "Sa kreye anpil anksyete. Voye plizyè milye moun tounen Ayiti pa yon opsyon. Peyi a pa an mezi pou jere zak vyolans gang yo deja e li paka absobe tout moun sa yo (nan sityasyon sa a)."
Deziyasyon sekretè Sekirite Nasyonal Etazini ofri sekou pou jiska 18 mwa, men anpil fwa yo konn pwolonje stati TPS la.
Deziyasyon pou Salvado a ap bout nan mwad Mas la. Deziyasyon pou Soudan, Ikrèn ak Venezyela pral ekspire nan mwad Avril la. Gen lot ki pral ekspire pi ta.
Règ federal yo di yo ka mete fen nan yon deziyasyon anvan li ekspire, men ke sa poko janm fèt e ke yo oblije bay moun 60 jou avètisman davans.
TPS sanble anpil ak Pwogram Ranfosman Depa Defere Trump te sèvi pou rekonpanse egzile Venezyelyen ki te apiye premye prezidans li epi anpeche lajistis depote yo pou 18 mwa.
Avoka Ahilan T. Arulanantham, ki jwenn siksè ak defi li fas ak jefo Trump tap fè pou l kite deziyasyon TPS yo ekspire pou plizyè peyi, pa gen dout prezidan-eli a pral re-eseye fè menm bagay la.
"Li posib kèk moun nan administrasyon an pral rekonèt ke si yo wetire otorizasyon travay pou plis pase yon milyon moun ki ap viv legalman nan peyi sa a depi dè dizèn ane, se pa yon bon politik.
Arulanantham di sa ka gen move enpak ekonomik tou.
Tribinal yo te anpeche deziyasyon pou Ayiti, Soudan, Nikaragwa ak Saldavo ekspire anba manda Joe Biden nan. Sekretè Sekirite Nasyonal Alejandro Mayorkas te renouvle yo apre sa.
Deziyasyon TPS la pa bay migran yo posibilite pou yo vinn rezidan pèmanan Etazini ni sitwayen, sepandan aplikan yo kapab eseye chanje stati yo gras ak lot pwosesis imigrasyon.
Militan yo ap mete presyon sou Lamezonblanch pou l apwouve yon nouvo deziyasyon TPS pou Nikaragweyen yo anvan Biden kite pouvwa a. Gen mwenske 3,000 ki jwi TPS yo te resevwa apre Siklon Mitch te ravaje peyi yo an 1998.
Maria Bilbao, ki travay pou Komite Sevis Zanmi Ameriken an di: "se yon obligasyon moral" pou administrasyon Biden nan.
Elena, yon Nikaragweyèn ki gen 46 zan kap viv Etazini legalman depi 25 an espre Biden pral aji vit.
"Li ta dwe fèl kounyea. Pa an Janvye. Pa an Desanm. Kounyea."