Accessibility links

Breaking News

Biden di Lanmò Sinwar se Yon 'Opòtinite' Pou Jwenn Liberasyon Otaj E Mete Fen nan Lagè a nan Gaza

German Chancellor Olaf Scholz, U.S. President Joe Biden, Britain's Prime Minister Keir Starmer and French President Emmanuel Macron prepare to pose for a family photo session, at the Chancellery in Berlin, Germany, Oct. 18, 2024.

BERLIN (AP) — Prezidan Joe Biden di twoup Izrayelyen yo touye lidè Hamas la Yahya Sinwar, se yon "gwo jou pou Izrayèl, pou Etazini ak pou mond lan."

Li rele li yon "opòtinite" pou jwenn liberasyon otaj Izrayelyen yo ke Hamas te kenbe, epi li di se yon opòtinite tou pou gen yon fen nan lagè ki dire tout yon ane a nan Gaza.

Biden di li pral pale ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu ak lòt lidè Izrayelyen yo pou felisite yo "epi diskite sou fason pou travay pou pèmèt otaj yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, epi pou mete fen nan lagè sa a yon fwa pou tout.”

Otorite Ameriken yo te eksprime espwa pou lanmò Sinwar ta pote yon nouvo souf nan chita pale pou ta gen yon negosyasyon sou yon akò kanpe goumen ki pa janm vreman ka rive fin negosye.

XS
SM
MD
LG