Accessibility links

Breaking News

Larisi Kondane Yon Sitwayen Fransè Poul Pase 3 Zan Prizon


French citizen Laurent Vinatier sits in a cage behind his lawyers at the Zamoskvoretsky District Court in Moscow, Russia, Sept. 16, 2024.
French citizen Laurent Vinatier sits in a cage behind his lawyers at the Zamoskvoretsky District Court in Moscow, Russia, Sept. 16, 2024.

MOSKOU (AP) — Yon tribinal Ris deklare yon sitwayen fransè koupab poutèt li t ap kolekte enfòmasyon sou domèn militè yo epi kondane li pou l pran 3 zan prizon.

Laurent Vinatier, ki se moun yo te arete nan Moskou nan mwa Jen an, te admèt li koupab, sa ki te fasilite etap pou yon jijman rapid.

Arestasyon pou espyonaj ak kolekte done sansib vin pi kouran nan Larisi depi lè yo te voye twoup yo nan Ikrèn nan mwa fevriye 2022.

Otorite Larisi akize Vinatier, ki gen 48 lane, paske l pa enskri kòm yon "ajan etranje" alòske l ap ransmase enfòmasyon sou ajan etranje Larisi" Aktivite militè ak teknik militè” yo ka itilize nan pou kraze sekirite peyi a.

Minis Afè Etranjè Lafrans la dekri santans Vinatier a kòm "ekstrèmeman grav" e li mande pou yo libere l san pèdi tan.

XS
SM
MD
LG