Accessibility links

Breaking News

6 moun Akize Diddy pou Agresyon Seksyèl nan Yon nouvo Pwosè, Pami yo Yon Moun ki te Gen 16 Zan Epòk la

(FILES) US producer-musician Sean "Diddy" Combs poses with the Global Icon award in the press room during the MTV Video Music Awards at the Prudential Center in Newark, New Jersey, on September 12, 2023.

NEW YORK (AP) — Yon nouvo vag akizasyon kont Sean "Diddy" Combs kòmkwa li vyole gason, fanm ak agrese yon ti gason 16 zan.

Te gen omwen 6 plent ke yo te depoze kont Diddy lendi 14 oktòb nan tribinal federal nan Manhattan.

Akize yo se te 2 fanm ak 4 gason ki te depoze plent yo pat bay non yo.

Akizasyon yo fè pati sa avoka yo di yon gwoup plis pase 100 swadizan viktim ki nan pwosesis pou pran aksyon legal kont Combs apre arestasyon li pou trafik sèks mwa pase a.

Combs te pledenon koupab nan dosye kriminèl sa a.

Avoka li yo pa t reponn mesaj jounalis ki t ap chèche kòmantè Lendi.

XS
SM
MD
LG