Accessibility links

Breaking News

Ansyen prezidan Ekwatè Rafael Correa gen Entèdiksyon Rantre Etazini


RAFAEL CORREA-ENTREVISTA
RAFAEL CORREA-ENTREVISTA

Mèkredi 9 oktòb 2024 la , Etazini mete entèdiksyon kont ansyen Prezidan Ekwatè Rafael Correa ak Vis Prezidan li an Jorge Glas pu rantre sou teritwa li akòz patisipasyon yo nan yon "dosye koripsyon enpòtan", dapre sa Depatman Deta Ameriken an te di.

De ansyen lidè yo "pa elijib pou antre Etazini akòz enplikasyon yo nan yon dosye koripsyon enpòtan lè yo te okipe fonksyon piblik", depatman an te di nan yon nòt pou laprès.

Desizyon sa a aplike tou pou "fanmi dirèk yo", tankou mari oswa madanm yo ak pitit yo ki majè, Anbasad Washington ki nan Quito a te presize nan yon nòt pou laprès.

Ansyen prezidan sosyalis la (2007-2017) te kondane in absentia an 2020 pou l pase uit lane nan prizon pou koripsyon nan Ekwatè - e se poutèt sa li pa kalifye - epi kounye a l ap viv an egzil nan Bèljik. Li souvan pataje opinyon li sou sitiyasyon nan peyi natal li sou entènèt.

Mesye Glas li menm fèmen yon prizon sekirite maksimòm nan sidwès peyi a. Yo akize l pou detounman lajan ak koripsyon.

Apre yo te mete yon manda arestasyon dèyè l, yo te pral arete li nan mwa avril pase a pandan yon debakman lapolis nan anbasad Meksik la nan Quito, kote li te al kache, sa ki te mennen nan yon kriz diplomatik ant Ekwatè ak Meksik.

Rafael Correa, ki te toujou trè kritik ak Washington pandan 10 lane li te nan tèt Ekwatè, jije akizasyon kont li yo pa te fonde epi desizyon Etazini yo enjis.

XS
SM
MD
LG