Accessibility links

Breaking News

Amas Salye Atak '7 oktòb la Li Te Fè Sou Izrayèl la


Survivors, friends and relatives attend a memorial for the victims killed at or kidnapped from the Supernova music festival during the October 7 attacks by Palestinian militants, on the eve of the attacks' first anniversary in Tel Aviv on October 6, 2024.
Survivors, friends and relatives attend a memorial for the victims killed at or kidnapped from the Supernova music festival during the October 7 attacks by Palestinian militants, on the eve of the attacks' first anniversary in Tel Aviv on October 6, 2024.

Dimanch, Amas te fè lwanj atak "memorab" li te fè 7 oktòb 2023 kont Izrayèl la, nan yon mesaj videyo ki te pibliye lavèy anivèsè atak sa a ki te deklannche lagè nan Gaza.

Yon manm nan mouvman islamis palestinyen an, Khalil al-Hayya, ki baze nan Kata te deklare nan yon mesaj "Selèb atak 7 oktòb la kraze ilizyon lènmi an te kreye, pou konvenk mond lan ak rejyon an sou siperyorite li ak swadizan kapasite li. "

Atak san parèy sa a, ki te twomatize popilasyon Izrayèl la, te lakoz lanmò 1,205 moun, majorite nan yo te sivil, dapre yon kalkil AFP ki baze sou chif ofisyèl Izrayelyen yo, ki gen ladan otaj ki te mouri oswa yo te touye nan prizon nan Gaza.

Nan 251 moun ki te kidnape 7 oktòb yo, 97 yo toujou an otaj nan Gaza, yo konsidere gen 33 ladan yo ki mouri.

Ofansif Izrayèl te lanse pou pran revanj li sou Gaza, kote Amas te pran pouvwa a an 2007, te lakòz lanmò 41,870 moun, dapre dènye rapò Ministè Sante gouvènman Amas la, Nasyonzini kwè chif sa yo se verite.

Khalil al-Hayya, ki te vin figi piblik Amas depi lanmò lidè mouvman an, Ismaïl Haniyeh, 31 jiyè a nan yon atanta yo akize Izrayèl te fè nan Teyeran, te ajoute yon lane apre atak sa a, "tout Palestin, an patikilye Gaza, ak pèp palestinyen nou an ap ekri yon lòt paj listwa ak rezistans yo, san yo epi pèseverans yo",

XS
SM
MD
LG