Accessibility links

Breaking News

Meksik: Lame Touye 6 Imigran nan Sid Peyi a


A member of the National Guard escorts migrants walking on an US-bound caravan on the outskirts of Tapachula, State of Chiapas, Mexico on July 23, 2024.
A member of the National Guard escorts migrants walking on an US-bound caravan on the outskirts of Tapachula, State of Chiapas, Mexico on July 23, 2024.

Ministè Defans lan te anonse Mèkredi a lame te touye 6 imigran Madi swa nan sid Meksik sou yon wout nan Chiapas, li te evoke posiblite pou yo ta konfonn yo ak kèk prezime delenkan.

Dapre sa ministè defans la deklare: 4 imigran mouri sou wout Chiapas, ki ak 80 kilomèt fwontyè ak Gwatemala, epi 2 lòt rann dènye souf yo lopital, men ofisyèl yo pa presize ki nasyonalite imigran ki viktim yo.

Evènman sa yo pase kèk èdtan apre envestiti nouvo prezidan Claudia Sheinbaum nan Meksiko.

Prezidan lagoch la ki te eli nan mwa jen an voye jete byen lwen madi 3 oktòb 2024 la, kritik opozisyon kòmkwa yo "militarize" peyi a.

Biwo dwa moun Nasyonzini di nan yon mesaj, enkyetid yo genyen parapò ak ensidan an “Nou gen kè kase sou jan lame vin gen plis pouvwa nan zafè sekirite nasyonal peyi a" e yo te profite okazyon sa pou salye envestiti Madan Sheinbaum kòm premye prezidan fanm depi endepandans Meksik an 1821.

Ministè a di 6 viktim yo t ap vwayaje nan Chiapas, nan yon konvwa 3 machin yo te pami yon gwoup 33 imigran ki gen nasyonalite "Ejipsyen, Nepalè, Kiben, Endyen, Pakistanè”.

Dapre sa ofisyèl yo di nan yon kominike, gen 10 imigran ki blese ak bal, lame a te kouri ak yo lopital.

XS
SM
MD
LG