Accessibility links

Breaking News

Kriz Mwayen Oryan: Walz ak Vance Ofri Diferan Vizyon Sou Kriz la


USA-ELECTION/DEBATE
USA-ELECTION/DEBATE

Atak misil balistik Iran sou Izrayèl Jodi Madi a pwovoke yon diferans ant tikè Demokrat ak Repibliken yo sou politik etranjè: Walz pwomèt lidèchip "estab" Si Harris genyen eleksyon yo pandan ke Vance pwomèt pou l retounen ak lapè pandan yap itilize fòs si Trump retounen nan Mezon Blanch lan.

Diferan vizyon sou kisa lidèchip Ameriken ta dwe genyen kouvri diferans bon jan politik ant 2 tikè yo.

Menas Iran sou rejyon an ak enterè Etazini atravè mond lan louvri deba a, ak Walz ki vire sijè a nan direksyon kritik sou Trump.

"Bagay fondamantal isit la se ke lidèchip ki estab pral gen pwoblèm," Walz di, Lè li lonje dwèt sou "Donald Trump, prèske 80 lane, ap pale sou gwosè foul moun yo" epi reponn sou kriz mondyal yo ak tweet.

Vance, bò kote pa l, pwomèt yon retou ak yon " fòs efikas" ak Trump kont Iran, pou l te fè fas ak kritik Walz yo sou Trump pandan li atake Harris ak wòl li nan administrasyon Biden.

"Ki moun ki te vis prezidan pandan twa (3) dènye ane ak yon mwatye, repons lan se kandida ou a, se pa pa m nan," se sa li te dekalre. Li te fè remake ke atak Hamas sou Izrayèl nan dat 7 oktòb 2023, te fèt "sou administrasyon Kamala Harris." la

XS
SM
MD
LG