Accessibility links

Breaking News

Digicel Di li Pa Dwe Paret Hospitality Gwoup


Digicel haiti
Digicel haiti

Konpayi Telefoni Mobil, Digicel voye jete byen lwen pawòl ki ta fè kwè li gen yon dèt 2.5 milyon dola ameriken pou Paret Hospitality gwoup.

Nan yon konferans pou laprès ayè 19 septanm 2024 la, Direktè jeneral konpayi wouj la, Jean Phillipe Brun deklare Digicel pa gen okenn dèt anvè Parèt Hospitality group.

Mesye Brun enfòme Digicel ak Paret Hospitality group te siyen yon akò ki enplike yon “echanj sèvis” ant 2 antite yo.

Selon dokiman ki siyen ant 2 pati yo, ke konpayi a prezante nan konferans pou laprès la, Paret Hospitaly group ap bay aksè ak pwopriyete l la pou kab soumaren yo ka rive nan sant data Digicel.

An echanj, Paret Hospitality group ap resevwa sèvis nan men Digicel, tankou 5000 minit pa mwa, koneksyon entènèt…

« Digicel klè sou pozisyon li. Akò ki te anplas la pa pale de montan finansye ditou » dape sa Jean Phillipe Brun deklare.

N ap raple depi Samdi 14 septanm lan, kliyan Digicel gen difilte pou itilize entènèt akoz yon kab fib obtik la ki ta koupe nan zòn kaliko beach.

Selon direktè Digicel la, sa k pase samdi a se yon « sabotaj entansyonèl ».

Jean Phillipe di teksnisyen yo te resi jwenn aksè jedi maten ak sit la. E yo rive konprann sa k pase a pa yon aksidan, men se yon sabotaj entansyonèl.

Mesye Brun di yo poko konn ki men ki kache dèyè sabotaj sa, men enfòme envestigatè yo ap travay sou sa

Pou fini, Digicel pwomèt kliyan l yo ap gen gen posibilite pou itilize tout sèvis li yo a 100% nan yon dele 48 èd tan.

Konpayi a prevwa tou ranbouse moun ki te achte sèvis entènèt la, men ki pat ka itilize sèvis la akoz enteripsyon ki te genyen sou rezo a

XS
SM
MD
LG