Accessibility links

Breaking News

Taylor Swift Ranpòte Gwo Viktwa nan Seremoni Remiz Pri Videyo Mizikal MTV yo


Taylor Swift, mitan ak Post Malone (3e sou men dwat la) aksepte pri pou videyo ane a pou "Fortnight" pandan seremoni remiz pri MTV yo, 11 Sept. 2024.
Taylor Swift, mitan ak Post Malone (3e sou men dwat la) aksepte pri pou videyo ane a pou "Fortnight" pandan seremoni remiz pri MTV yo, 11 Sept. 2024.

Taylor Swift ranpòte pi gwo pri a nan seremoni remiz pri Videyo Mizikal MTV Mèkredi swa. Swift pran twofe pou videyo ane a pou "Fortnight" yon mizik li chante ak Post Malone.

Swift remèsye menaj li, foutbolè Travis Kelce, epi mande fanatik li yo pou yo enskri pou vote nan eleksyon prezidansyèl la.

Swift tounen lakay li ak 7 pri o total, sa ki mete kantite pri MTV li ranpòte nan karyè li a 30.

Savledi Swift egal ego ak rekò Beyonce kòm mizisyen ki ranpòte plis pri nan listwa seremoni remiz pri VMA yo.

Sabrina Carpenter poze pou yon foto ak pri li pou chante ane a pou "Espresso" nan seremoni remiz pri videyo mizikal MTV a nan Nouyok, 11 Sept. 2024.
Sabrina Carpenter poze pou yon foto ak pri li pou chante ane a pou "Espresso" nan seremoni remiz pri videyo mizikal MTV a nan Nouyok, 11 Sept. 2024.

Chantez Sabrina Carpenter limenm ranpote pri Videyo Mizikal MTV pou tub ane a "Espresso".

Katy Perry te pèfome tou epi aksepte pri Video Vanguard la, ke patnè li, aktè Britanik Orlando Bloom te remèt ba li.

Atis Chappel Roan ranpòte pri pou meyè nouvo atis.

XS
SM
MD
LG