Accessibility links

Breaking News

Fiziyad: Lapolis Kentucky Ap Chèche Yon Sispè ki Tire Plizyè Moun Sou Yon Otowout


Kentucky Shooting
Kentucky Shooting

Lapolis lanse yon avi rechèch pou yon sispèk ki se prensipal moun ki responsab pou yon fiziyad sou yon otowout nan Kentucky ki koze 5 moun blese samdi 7 septanm 2024.

Majistra vil London nan Kentucky, Randall Weddle di fiziyad la te lakòz tou yon aksidan machin ki te kite koze lòt moun blese tou, san li pa presize bilan viktim yo oswa eta sante yo.

Li te di jounal Louisville Courier Journal, yon estasyon radyo lokal ki di ke fiziyad la te deklanche "pa yon diskisyon ant 2 machin."

Fiziyad la te pete nan Konte Laurel, ki sitiye apeprè 90 mil (145 kilomèt) nan sid vil Lexington, Kentucky.

Tirè a te louvri zam nan yon rakbwa ki bò otowout I-75 la, yon gwo otowout ki pase nan mwatye Etazini.

Te gen "plizyè blesi grav" men pa gen okenn moun ki mouri dapre sa estasyon televizyon lokal WYMT rapòte. Li site Biwo Sheriff Konte Laurel la kòm referans.

Endividi yo sispèk ki komèt zak sila se yon nonm 32 an, ki rele Joseph Couch.

Biwo cherif la te di ke sispèk la te parèt "ame ak danjere" epi gran wout la te fèmen nan tou de direksyon trafik.

Pòtpawòl Lapolis Eta Kentucky, Scottie Pennington, te di Louisville Courier Journal ke li pa te gen "pa gen okenn lide ki kote (sispèk la) ye."

Semèn pase a nan eta Georgia te gen yon lòt fiziyad kote yon ti gason 14 an te fizye 4 moun, 2 etidyan ak 2 pwofesè nan yon lise.

Etazini gen plis zam pase sitwayen , ki vin fè yo gen pi gwo pousantaj lanmò pase nenpòt peyi ki devlope.

XS
SM
MD
LG