Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Gen yon Nouvo Minis Afè Etranjè Pandan Lagè a ak Larisi Antre nan Yon Faz Kritik


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

KYIV, Ikrèn (AP) — 2 lejislatè di ke palman Ikrèn apwouve nominasyon yon nouvo minis afè etranjè, Andrii Sybiha kòm nouvo tèt nan diplomasi peyi a.

Sybiha se yon ansyen anbasadè nan peyi Latiki. Li te ranplase Dmytro Kuleba ki te vin youn nan pesonaj mond lan te pi rekonèt nan Ikrèn sou sèn entènasyonal la pandan li te fè yon petisyon kote li te ap sipliye peyi oksidantal yo pou sipòte efò lagè Ikrèn lan.

Sybiha 49-zan t ap travay kòm nimewo 2 Kuleba depi avril.

Prezidan Vladimir Zelenskyy ap chèche bay yon nouvo lavi nan administrasyon li a ak lagè kont Larisi pare pou sa ki ta ka yon faz esansyèl.

XS
SM
MD
LG