Accessibility links

Breaking News

Medsen San Fwontyè Denonse 'Anpechman Misyon Medikal li' an Ayiti


Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.
Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.

Oganizasyon non-gouvènmantal Medsen San Fwontyè fè konnen yon anbilans li tap transpòte yon pasyan nan kondisyon kritik Madi 3 Septanm lè lapolis nan Pòtoprens fè anbilans la kanpe, arete pasyan an epi anpeche ekip medikal la ba li swen nesesè.

Yon nòt de près MSF voye bay VOA fè konnen pasyan an te gen yon zo kase e li te bezwen swen dijans nan yon lopital. MSF di lapolis kenbe pasyan an pandan plis pase yon hè e ke pasyan an te fini pa mouri anvan li te rive lopital.

Chèf misyon MSF la, Sophie Mealier deklare: " Nou denonse obstriksyon grav sa a de misyon medikal nou. Antanke oganizasyon ki pran angajman pou swaye pèp Ayisyen an gratis, san diskriminasyon e dapre prensip etik medikal, MSF lanse apèl bay tout aktè ame yo an Ayiti pou yo respekte ekip medikal nou yo epi garanti pasyan yo gen aksè rapid epi sekirize pou resevwa swen medikal."

MSF fini pou di blokaj mouvman imanitè yo mete lavi moun an danje e yo "inakseptab".

XS
SM
MD
LG