Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Brezilyen Taka Sispann X nan Brezil


FILE PHOTO: Milken Conference 2024 Global Conference Sessions
FILE PHOTO: Milken Conference 2024 Global Conference Sessions

SAO PAULO (AP) - Yon jij Tribinal Siprèm brezilyen an ta ka fèmen operasyon lokal X nan tout peyi a si pwopriyetè a, milyadè Elon Musk pa nonmen yon reprezantan legal.

Byen bonè nan mwa sa a, X te retire reprezantan legal li ki te rete nan Brezil. Li di ke Alexandre de Moraes te menase pou arete li.

Mèkredi, lajistis te bay lòd pou platfòm medya sosyal la nonmen yon nouvo reprezantan nan 24 èdtan.

Sa baze sou entèpretasyon li ke lejislasyon lokal mande konpayi etranje yo gen reprezantasyon legal pou opere nan peyi a.

XS
SM
MD
LG