Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn: Abinader Prete Sèman pou yon Nouvo Manda


Foto Achiv: Prezidan Dominiken Luis Abinader, nan Santo Domingo, 19 Me, 2024.
Foto Achiv: Prezidan Dominiken Luis Abinader, nan Santo Domingo, 19 Me, 2024.

Luis Abinader prete sèman Vandredi pou yon dezyèm manda kom prezidan Repiblik Dominikèn.

Chèf deta plizyè peyi etranje, pami yo Wa Espay te prezan.

Prestasyon sèman an dewoule yon ti tan apre misye te nomen manm kle kabinè li a.

Abinader deklare: "Mwen pwofondeman onore pou m prete sèman kom prezidan." Misye sèmante pou l sere boulon moun ki mele nan koripsyon epi konsantre sou ekonomi a ak opotinite travay.

Abinader di: "sa se komansman an sèlman," pandan seremoni a ke yo te difize an dirèk sou rezo sosyal yo.

Abinader, yon ansyen biznisman 57 an, ranpòte yon dezyèm manda ak 58% vwa yo nan eleksyon mwad Me a, kote li te prezante yon platfòm pwo biznis ak anti-koripsyon epitou anpeche migran Ayisyen antre nan peyi a.

XS
SM
MD
LG