Accessibility links

Breaking News

Biden Pwopoze pou Fè Chanjman nan Kou Siprèm nan


Prezidan Joe Biden rive nan Lamezonblanch, Dimanch 28 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden rive nan Lamezonblanch, Dimanch 28 Jiye, 2024.

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris deklare plan Prezidan Joe Biden devwale pou fè chanjman nan Kou Siprèm nan pral ede retabli konfyans nan tribinal la.

Prezidan Demokrat la lanse apèl bay Kongrè a pou l limite manda jij yo epi tabli yon kod etik pou 9 jij Kou a.

Biden ap mete presyon sou palmantè yo tou pou ratifye yon amandman nan konstitisyon an ki ta limite iminite yon prezidan gen dwa jwi.

Lamezonblanch detaye plan an Lendi. Sepandan pa gen anpil chans pou Kongrè a, ki divize apwouve plan an 99 jou sèlman anvan eleksyon prezidansyèl la.

Biden sipoze pale sou plan li an Lendi nan Bibyotèk Lindon B Johnson nan nan Texas, Lendi.

XS
SM
MD
LG