Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ajantin Milei Vwayaje Paris pou Rankontre Macron Apre Gwo Pale Anpil Chanson Rasis Jwè Foutbòl yo Soulve


Prezidan Ajantin, Javier Milei, rive Paris kote li pral rankontre Prezidan Franse a, Emmanuel Macron apre tansyon te ogmante ant La Frans ak Ajantinn. Chanson rasis ekip futbòl Ajantinn nan te chante - ki pale de jwè Franse yo - soulve gwo pale anpil.

Yon videyo kout ki anrejistre pandan viktwa Ajantin nan Copa America mwa sa a, montre jwè Ajanten yo ap chante yon chanson rasis ki fè referans ak jwè Franse dorijin Afrikèn yo.

Sansi bò kote mond foutbòl la rive nan yon nivo ki tèlman wo li deklanche yon skandal politik lè Vis Prezidan Victoria Villarruel te defann jwè Fernandez ak ekip Ajantinn nan. Li te di Ajantin pap tolere kritik ki soti bò kote yon peyi "kolonyalis".

Milei vwayaje an Frans Jedi, kote li tap sipoze rankontre responsab, biznisman epi asiste seremoni ouvèti Jezolenpik 2024 yo.

XS
SM
MD
LG