Accessibility links

Breaking News

Pou Hamas, diskou Netanyahu nan Kongrè Ameriken an mete moun nan "erè"


Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu speaks to a joint meeting of Congress at the Capitol in Washington, July 24, 2024.
Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu speaks to a joint meeting of Congress at the Capitol in Washington, July 24, 2024.

Hamas kritike Mèkredi diskou Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Kongrè Ameriken an, diskou ki, dapre òganizasyon an, "twonpe" kominote entènasyonal la.

Mouvman Islamis Palestinyen an pibliye yon nòt kote li di: "Deklarasyon Netanyahu fè sou gwo efò pou jwenn liberasyon otaj yo se manti tou pi, kote li twonpe opinyon piblik Izraelyen, Ameriken ak entènasyonal, pandan ke se li sèlman ki bloke tout efò pou mete fen nan lagè a epi rive jwenn yon akò pou libere prizonye yo, malgre tout efò frè nou yo ki gen medyatè ki ap travay san rete nan peyi Ejip ak Katar.”

XS
SM
MD
LG