Accessibility links

Breaking News

LOTAN: Nan Yon Reyinyon Biden anonse "Prezidan Putin" Olye de Zelensky


Biden NATO Summit
Biden NATO Summit

Joe Biden, ki anba gwo presyon pou li bay kandidati li vag kote li ap cheche double manda nan Mezon Blanch, pale nan yon reyinyon pandan somè lOTAN an, kote li envite piblik la akeyi "Prezidan Putin" olye de “Prezidan Zelenskyy” sou sèn nan somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la nan Washington.

Nan konferans pou laprès la prezidan Biden deklare "Epi kounye a mwen vle bay prezidan Ikrèn lan lapawòl, ki gen kouraj menm jan li gen detèminasyon.

Mesye dam, Prezidan Putin!" se konsa lidè Demokrat la ki gen 81 n-an te prezante prezidan Ikrenyen an.

E kèk segonn apre li fin kite mikwofòn li reyalize erè li fè a, epi li tounen vin di, "Li pral bat Prezidan Putin. Prezidan Zelensky. Mwen tèlman konsantre sou bat Putin."

XS
SM
MD
LG