Accessibility links

Breaking News

Kenya: Prezidan Ruto Revoke Praktiman Tout Manm Gouvènman Li an


Kenya's President Ruto sacks cabinet after nationwide protests over new taxes
Kenya's President Ruto sacks cabinet after nationwide protests over new taxes

Prezidan kenyen an, William Ruto, revoke prèske tout manm gouvènman l lan Jedi 11 avril, selman vis-prezidan li a ak minis afè etranjè li a, rete nan pòs yo.

Chèf eta a pandan yon konferans pou laprès nan palè prezidansyèl la te deklare ke “Lè m te fin koute kri pèp Kenya a te di e apre yon evalyasyon jeneral sou pèfòmans gouvènman mwen an ak reyalizasyon ak defi li yo, jodi a (…) mdeside ranvwaye tout manm gouvènm an an ak efè imedya”.

Opinyon piblik te spere ke tap geny remaniman ministeryèl depi plizyè gwo manifestasyon te pete nan peyi a apre anons nouvo taks ke gouvènman an deside mete sou plizyè pwodwi premye nesesite nan mwa jen, ki te pouse plizyè milye jèn pran lari pou manifeste kont desisyon sila.

Se sèlman Minis Zafè Etranje a, Musalia Mudavadi, ak Prezidan Adjwen Rigathi Gachagua ki kenbe pòtfèt yo.

Mr Ruto di nan konferans pou laprès sa ."Mwen pral imedyatman kòmanse konsiltasyon laj atravè diferan sektè ak fòmasyon politik, nan objektif defini pou nou gen gouvènman laj ki enkli tout moun ki pral ede m 'akselere ak akselere mezi ki nesesè ak ijan".

"Evènman ki sot pase yo ki te nesesite retrè dekrè finans lan, epi ki pral mande pou yon revizyon ak reòganizasyon bidjè nou (...) te mennen nou nan yon pwen ki te baskile peyi a".

XS
SM
MD
LG