Accessibility links

Breaking News

Citigroup ap Kite Ayiti Apre 50 An


Foto Achiv: Moun mache anba yon afich branch Citibank nan San Francisco, Kalifoni, 17 Jiye, 2009.
Foto Achiv: Moun mache anba yon afich branch Citibank nan San Francisco, Kalifoni, 17 Jiye, 2009.

Citigroup C.N. pral klotire operasyon li an Ayiti akoz demann fèb bò kote kliyan enstitisyonèl li yo ak yon bès nan aktivite bankè entènasyonal yo. Se konsa Citi ap kite Ayiti apre 50 an nan peyi a.

Depa a fè pati yon revizyon estratejik e li pap gen gwo enpak ekonomik sou Citi - dapre sa bank la fè konnen Lendi.

Citi, ki se youn nan pi gwo bank Ozetazini, pati kite mache ki pa esansyèl yo apre PDG Jane Fraser pran kontwòl bank la an 2021.

Pou ratrape konpetisyon li ki antre plis lajan pase Citi, bank la fè gwo chanjman nan operasyon li epi deside konsantre pi plis sou biznis ki ofri pi gwo revni yo.

Bank la ap klotire tou, biwo li nan Meksik, ki ap fè preparasyon pou mete aksyon sou mache la bous la an 2025.

Citi pral remèt lisans li volontèman ak apwobasyon Bank de la Republique d'Haiti - setadi bank santral Ayiti. Citi fè konnen sèvis bankè entènasyonal li yo, pral kontinye opere pou kliyan li yo an Ayiti.

Citi pa di ki kantite anplwaye ki pral pèdi djòb yo nan kad desizyon sa a, men li di li pran angajman vizavi Amerik Latin nan.

Citi pa reponn demann Reuters fè pou komantè adisyonèl sou nouvèl sa a.

XS
SM
MD
LG