Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Maduro Di li Dakò pou l Rekòmanse Negosyasyon ak Etazini


Venezuela Election Agreement
Venezuela Election Agreement

CARACAS, Venezyela (AP) — Prezidan Nicolás Maduro di ke gouvènman Venezyela a planifye pou rekòmanse negosyasyon ak gouvènman ameriken an semèn sa a.

Anons li fè lendi a vini nan moman kote pa rete yon mwa anvan eleksyon ke anpil moun ap tann kote Maduro ap chèche yon twazyèm manda.

Maduro vle pou Etazini leve sanksyon ekonomik ki sou peyi a e li konsidere ke dyalòg la "ijan".

Li pa t klè imedyatman si gouvènman ameriken an dakò.

Eleksyon 28 Jiyè a vin pi gwo defi ke pati ki sou pouvwa a rankontre nan 25 ane dominasyon li.

XS
SM
MD
LG