Accessibility links

Breaking News

New York: Jij Merchan Fè Chanjman nan Baboukèt ki Te Anpeche Trump Pale sou ni Temwen ni Jiri a apre Lajistis te Jwenn li Koupab


Former U.S. President Trump's criminal trial on charges of falsifying business records continues in New York
Former U.S. President Trump's criminal trial on charges of falsifying business records continues in New York

NEW YORK (AP) —Jij Merchan fè chanjman nan lòd baboukèt ke li te mete sou ansyen prezidan Donald Trump, sa ki te entèdi li pale de temwen, de manm jiri ak fanmi anplwaye tribinal la pandan pwosè kriminèl li a nan New York.

Apre chanjman sa ansyen prezidan an kapab fè kòmantè sou temwen ak manm jiri, men li toujou pa ka pale de anplwaye tribinal yo.

Jij Juan M. Merchan pran desizyon sa a madi 25 jen 2024 la.

Men Avoka Trump yo te vle pou jij la leve lòd baboukèt la nèt.

Yo di ke pa gen anyen ki jistifye restriksyon ki ap kontinye sou dwa ke Premye Amandman an bay Trump apre jijman an te fini 30 Me pase, kote yon jiri nan New York te jwenn li koupab pou magouy nan bay fo dosye finans pou kase fèy kouvri sa ki sanble ak relasyon seksyèl ke li te gen ak aktris fim Porno Stormy Daniels.

Avoka tribinal yo te mande Merchan pou kenbe pi fò nan lòd baboukèt la anplas omwen jiskaske Trump jwenn santans li 11 Jiyè kap vini la.

XS
SM
MD
LG