Accessibility links

Breaking News

Omwens 2 Moun Mouri nan yon Kolizyon Tren nan Chili


Lapolis enspekte 2 tren ki te fe kolizyon nan San Bernardo, Santiago, Chili, 20 Jyen 2024.
Lapolis enspekte 2 tren ki te fe kolizyon nan San Bernardo, Santiago, Chili, 20 Jyen 2024.

Otorite yo nan Chili di omwens 2 anplwaye sèvis tren mouri epi 9 lòt blese Jedi apre yon tren kago te fè kolizyon ak yon lot tren pandan yon vwayaj esè andeyò kapital la.

Lapolis deklare Jedi yap mennen ankèt pou detemine koz aksidan an.

kolizyon an te lakoz tren yo tap teste a te vinn chita sou tèt tren kago a.

Konpayi tren nasyonal la di ke tren kago a te gen 8 konpatiman e li tap transpòte 1,346 tòn kuiv tandiske lòt tren an te gen 10 anplwaye ladann ki tap teste vitès tren an.

Aksidan tren trè ra nan peyi sa a, ki sitye nan Amerik di Sid.

XS
SM
MD
LG