Accessibility links

Breaking News

Kanpay Biden nan ap Depanse $50 Milyon pou Achte Reklam nan Eta 'Chan d Batay yo'


Prezidan Joe Biden chita pandan yon aktivite politik ak ansyen Prezidan Barack Obama, nan Los Angeles, 15 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden chita pandan yon aktivite politik ak ansyen Prezidan Barack Obama, nan Los Angeles, 15 Jyen 2024.

Kanpay Biden nan anonse lap depanse $50 milyon pou achte reklam ki vize elektè nan eta yo konsidere tankou "chan d batay" pou kandida yo. Kanpay Biden nan di reklam sa yo pral mete aksan sou "gwo diferans" ki egziste ant Biden ak ansyen Prezidan Donald Trump apre yon tribinal nan Nouyok te jwenn misye koupab pou krim federal.

Lajan sa a ap depanse jiska fen mwad Jyen an e li enkli yon nouvo reklam ki santre sou kondanasyon Trump la.

Kanpay la siyale prezidan Demokrat la ap mennen jefo ak tout fos li pou fè pwoblèm legal advèsè li yo tounen yon kestyon kle pou eleksyon an.

Kanpay Biden nan anonse Lendi li vle defini klèman chwa ant kandida yo anvan premye deba yo nan vil Atlanta 27 Jyen an.

Kanpay Trump la limenm di diferans ant Trump ak Biden pral "klè kou dlo kok sou sèn deba a."

XS
SM
MD
LG