Accessibility links

Breaking News

Netanyahu Kraze Kabinè Lagè a


Israel Palestinians
Israel Palestinians

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Ofisyèl Izrayelyen yo di Lendi 17 jen an ke Premye Minis Benjamin Netanyahu kraze Kabinè Lagè a ki te responsab pou dirije lagè nan Gaza.

Kabinè Lagè a te kraze apre Benny Gantz te demisyonen.

Gantz se lejislatè opozisyon an ki te rantre nan kowalisyon pou kreye kabinè a nan premye jou lagè a.

Li te mande pou yo fòme yon ti Kabinè kòm yon fason pou mete sou kote lejislatè ekstrèm dwat yo nan gouvènman Netanyahu a.

Gantz, Netanyahu ak Minis defans Yoav Gallant te manm kabinè sa, e yo te pran desizyon kle ansanm pandan tout lagè a.

XS
SM
MD
LG