Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa se Premye Pap ki Pral Pale nan Yon Somè G7


Pap Franswa pandan yon sesyon travay sou AI (entelijans atifisyel, Eneji, Afrik ak Mwayen Oryan an nan rankont o some G7 la nan Bari, sid Irali, 14 Jyen 2024.
Pap Franswa pandan yon sesyon travay sou AI (entelijans atifisyel, Eneji, Afrik ak Mwayen Oryan an nan rankont o some G7 la nan Bari, sid Irali, 14 Jyen 2024.

BARI, Itali (AP) — Pap Franswa pral adrese lidè yo nan somè G7 la nan peyi Itali.

Se premye fwa nan listwa ke yon pontif ap asiste somè G7 la.

Pap Franswa te pote kole ak mesaj plizyè lidè peyi k ap pouse pou bon jan pwoteksyon pou sitwayen yo kont Entèlijans Atifisyèl (AI) apre gwo developman ki genyen nan teknoloji pèfeksyon e sila a an kòmansan pa ChatGPT, chatbot ak OpenAI.

Pap la, ki se moun Ajantin an te itilize mesaj lapè anyèl li ane sa a pou l mande yon trete entènasyonal pou asire ke yo devlope epi itilize entèlijans atifisyèl yon fason etikal.

Li di teknoloji sila twò danjere pou yo devlope l san okenn kontwòl.

XS
SM
MD
LG