Accessibility links

Breaking News

Apple Lage Kò l nan AI Ak yon Pakèt Eleman li Pral Mete nan Nouvo Lojisyèl iPhone yo


Carl Federighi, vis prezidan pi wo plase Apple ki responsab pou lojisyel yo pale pandan yon konferans nan Cupertino, Kalifoni, 10 Jyen 2024.
Carl Federighi, vis prezidan pi wo plase Apple ki responsab pou lojisyel yo pale pandan yon konferans nan Cupertino, Kalifoni, 10 Jyen 2024.

Apple lage kò l nan kous pou entegre entelijans atifisyèl pou rann ni disponib pou piblik la.

Pandan Konferans Mondyal Developè a Lendi, Apple mete aksan sou yon seri nouvo eleman li pral mete pou amelyore iPhone, iPad ak Mac yo.

Pandan li tap eseye mete touch pèsonèl li sou teknoloji ki pi alamòd kounyea, Apple te admèt li bezwen èd pou ratrape konpayi tankou Microsoft ak Google ki pran defann nan domèn AI a.

Apple ap konte sou ChatGPT, ke startup OpenAI ki gen baz li nan San Francisco kreye, pou l rann asistan vityèl Siri a pi entelijan epi pi itil.

XS
SM
MD
LG