Accessibility links

Breaking News

Ektrèm Dwat la Fè Gwo Avans nan Eleksyon Palmantè Inyon Ewopeyen an


Patizan Pati Rasanbleman Nasyonal ekstrem dwat Franse a reyaji apre gwo viktwa yo ranpote nan eleksyon palmante Ewopeyen yo, 9 Jyen, 2024 nan vil Paris.
Patizan Pati Rasanbleman Nasyonal ekstrem dwat Franse a reyaji apre gwo viktwa yo ranpote nan eleksyon palmante Ewopeyen yo, 9 Jyen, 2024 nan vil Paris.

Ekstrèm dwat la fè gwo avans nan eleksyon palmantè Inyon Ewopeyen an. Gen 2 pami lidè pi enpotan Ewop la ki pran gwo kou: Prezidan Franse a, Emmanuel Macron ak Chanselye Alman an Olaf Scholz.

Nan La Frans, pati Rasanbleman Nasyonal Marine Le Pen nan tèlman dominnen eleksyon Dimanch la ke Macron te disoud palman nasyonal la tou suit epi lanse apèl pou oganize nouvo eleksyon.

Sete yon kokenn chenn risk politik paske pati li taka pèdi plis syèj toujou epi ankiloze l pandan rès manda prezidansyèl li a, ki sipoze pran fen an 2027.

Le Pen te kontan aksepte defi a.

XS
SM
MD
LG