Accessibility links

Breaking News

Prèske 33 milyon Moun Ozetazini te Konnen Chalè Ekstrèm Semèn sa


FILE - A woman is silhouetted against the setting sun as triple-digit heat indexes continue in the Midwest, Aug. 20, 2023, in Kansas City, Missouri.
FILE - A woman is silhouetted against the setting sun as triple-digit heat indexes continue in the Midwest, Aug. 20, 2023, in Kansas City, Missouri.

Dè milyon Ameriken gen pou yo fè eksperyans tanperati ki ka bat rekò pandan yon vag chalè ap vanse sou pati sidwès Etazini semenn sa a.

Prèske 33 milyon moun Etazini te konnen chalè ekstrèm ayè jedi a, dapre sa ki rele Sistèm Enfòmasyon Nasyonal Entegre pou Sante nan Chalè. Chalè te kangannen moun nan eta Arizona, nan sid Nevada ak nan kèk pati nan Kalifòni anvan meteo te prevwa pou chalè a pran direksyon nò pou ale nan eta Oregon ak eta Washington jodi vandredi a ak demen samdi a.

Kèk pati nan eta Florid ka gen tanperati ki kraze rekò jodi vandredi a ak demen samdi a anvan yon vag chalè ki sou penensil la vanse nan direksyon sid.

Ane 2023, se premye fwa moun te mouri konsa ak chalè nan Etazini kote tanperati te debòde pou lakoz lanmò anviwon 2.300 moun nan peyi a, dapre rapò ajans nouvèl Associated Press.

XS
SM
MD
LG