Accessibility links

Breaking News

Trump Deklare li Pare pou Li Al Nan Prizon Apre Yon Jiri te Jwen Li Koupab nan New York


FILE PHOTO: U.S. President-elect Donald Trump speaks to members of the press at Trump Tower in Manhattan, New York
FILE PHOTO: U.S. President-elect Donald Trump speaks to members of the press at Trump Tower in Manhattan, New York

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump deklare li pare pou fè fas ak yon posib tou prizon apre yon jiri fin kondane li poutèt li ta chache ilegalman enfliyanse rezilta eleksyon 2016 la ke li te genyen, men li di ke li « pa sèten ke piblik la ap aksepte sa. »

Trump pale nan pwogram Televizyon “Fox and Friends Weekend”, nan yon entèvyou ke li te anrejistre e ki pase ayè dimanch la, kote li di : “M panse li tap du pou piblik la aksepte sa. » Li pa di sa li panse sou jan piblik la ta reyaji.

Yon lòt kote, kèk èdtan apre li fin antre nan Tik Tok, Donald Trump atire yon milyon patizan ayè dimanch la nan yon video kout sou platfòm medya sosyal la ke li te chache entèdi lè li te prezidan, sou baz sekirite nasyonal.

Ansyen prezidan Trump sèmante pou li pote ann apèl vèdik kondanasyon an, yon jou apre yon jiri nan New York te jwenn li koupab nan kesyon ke li ta achte silans yon vedèt porno anvan eleksyon 2016 la.

XS
SM
MD
LG