Accessibility links

Breaking News

Yon Ajantinn ki gen 60 an Tante Chans li nan Konkou Miss Inivè


Patisipan Alejandra Rodriguez (a dwat) pandan konkou Miss Inive Ajantinn nan vil Buenozer, 25 Me, 2024.
Patisipan Alejandra Rodriguez (a dwat) pandan konkou Miss Inive Ajantinn nan vil Buenozer, 25 Me, 2024.

Yon Ajantin ki gen 60 an, ki tap eseye tounen Miss Univè ki pi granmoun nan listwa echwe nan tantativ li. Sepandan moun ba li gwo akolad epi chante lwanj li kom moun ki triyonfe nan yon mond ki obsede pa jenès.

Se Samdi 25 Me a ke rèv Alejandra Marisa Rodriguez, kap travay kom konseye legal pou yon lopital nan La Plata, o sid Buenozèr te echwe.

Sepandan, malgre li pa ranpote kouron Miss Ajantinn, li pran tit pou "meyè figi" a ki se youn nan kategori konkou bote a. Pami lot kategori yo te gen pi bèl rad sware, pi bon kostim de ben epi pi elegan.

Patisipan Alejandra Rodriguez (a dwat) pandan konkou Miss Inive Ajantinn nan vil Buenozer, 25 Me, 2024.
Patisipan Alejandra Rodriguez (a dwat) pandan konkou Miss Inive Ajantinn nan vil Buenozer, 25 Me, 2024.

Pandan konkou a, mamzèl te remèsye tout moun ki te suiv li e li di siksè li enspire l.

"Sete yon avanti moun fou e mwen pat atann mwen a anyen sèlman ide pou m eseye leve yon nouvo defi. Mwen te gen odas fè sa paske a laj de 60 an, sa te mande kouraj pou antreprann pwojè sa a. Men tou, tout bagay te pozitif. Te gen anpil eksperyans - bon bagay epi m aprann anpil bagay - sitou pa rapo ak tèt mwen ak sa m kapab reyalize, sa m kapab bay, sa m gen odas pou m fè. Donk mwen kontan ak eksperyans la. "

Patisipan Alejandra Rodriguez, 60 an, nan konkou Miss Inive Ajantinn nan 25 Me, 2024.
Patisipan Alejandra Rodriguez, 60 an, nan konkou Miss Inive Ajantinn nan 25 Me, 2024.

Viktwa mamzèl elimine limit laj ki te egziste depi lontan nan konkou Miss Univèr la epi atire atansyon moun toupatou nan mond lan. Sa te lakoz Alejandra Rodriguez vinn gen renome tou, lakay li.

Yon sèl kou, avoka selibatè a tap bay medam yo konsèy sou kisa pou yo itilize sou po sèch yo epi kijan pou parèt jèn. Li te pwomèt piblik la ke vreman vre laj se yon chif li ye sèlman.

Pou konpetisyon bikini a, nan konkou Miss Ajantin Rodriguez te chwazi yon mayo ke li dekore ak yon shal ke li mete sou zepol li epi danse pandan odyans la tap bat bravo epi sifle ak kè kontan.

Se yon aktris ak mannken ki gen 29 an ki se moun Cordoba ki genyen kategori meye kotim de ben an. Li te mete yon bikini ble ak talon kikit.

Dam ki genyen konkou a rele Magali Benejam Corthey. Sa gen yon ane desa li patap kapab pran kowon nanpaske yo pat kite moun ki gen mwenske 18 an patisipe. Mamzèl gen 28 an. Ane sa a pou premye fwa nan listwa konkou bote a, ki egziste depi 73 zan yo te di yap akeyi tout patisipan ki gen pliske 18 an.

"Verite a se ke mwen kontan a mo e mwen toujou rekonesant paske konpetisyon an pat fasil. Te gen 27 fanm, tout bel anpil. Yo chak aprann mwen yon bagay. Mwen aprann anpil bagay e se yon gran onè pou m ka reprezante Ajantin kounyea."

Pandan plizyè dizèn lane, konkou Miss Univèr la te dekri tèt li tankou yon ekstravagans medam selibatè ki jèn anpil kap parade devan jij kap bayo grad pou aparans yo. Men apre yon tan gen anpil moun ki te kwè sa te bay twop traka epi oganizatè yo te reyalize ke yo tap trennen dèyè kilti a.

Pandan ane ki pase yo, mouvman feminen tankou #Me Too ak mouvman jistis sosyal ki te popilè toupatou nan mond lan te fose Miss Univer pou l chanje taktik epi pèsuade kritik yo ke konkou a gen pou wè ak plis pase bèl ko ak figi. Yo te elimine anpil nan kontrent elijibilite yo tou pou pèmèt dam marye, ansent, lezbyèn ak transjann patisipe tou.

Tandiske anpil fanm bat bravo pou desizyon Rodriguez pran pou patisipe nan konkou a a laj de 60 an, gen lot ki mande si li pa tabli yon standar ki pa rezonab pou medam aje yo.

Nouvo Miss Ajantin nan pral oblije vwayaje Meksiko Siti pou konpetisyon global la nan mwad Novanm nan.

XS
SM
MD
LG