Accessibility links

Breaking News

Iran ouvri Enskripsyon pou Eleksyon Prezidansyèl apre Raisi te Mouri nan yon Aksidan Elikoptè


Staff members of a polling station attend to their stations during the parliamentary runoff elections in Tehran, Iran, May 10, 2024. I
Staff members of a polling station attend to their stations during the parliamentary runoff elections in Tehran, Iran, May 10, 2024. I

DUBAI, Emira Arab Ini (AP) — Iran louvri yon peryòd enskripsyon 5 jou pou moun ki vle kandida nan eleksyon prezidansyèl la ki gen pou dewoule 28 Jen.

Kandida ki venkè a pral ranplase defen Ebrahim Raisi, ki mouri nan yon aksidan elikoptè nan kòmansman mwa Me a ak 7 lòt moun.

Eleksyon an pwal dewoule nan moman Iran ap lite ak konsekans aksidan 19 Me a.

Genyen tou tansyon ki ogmante ant Teheran ak Etazini, ak manifestasyon antwòt sou lanmò Mahsa Amini an 2022 ki te gaye nan peyi a.

Lidè Siprèm Ayatollah Ali Khamenei ki gen 85 an, se li ki toujou gen kenbe dènye mo sou tout zafè leta.

Men prezidan yo te toujou fè Repiblik Islamik Iran an gen plis kominikasyon oswa plis chire-pit ak Lwès la.

Enskripsyon an kòmanse Jedi e ap rete ouvè pou senk jou.

XS
SM
MD
LG