Accessibility links

Breaking News

Istwa Pati Demokrat la


istwa Pati Demokrat la
istwa Pati Demokrat la

Yo konnen Pati Demokrak la kòm pati ki anfavè yon gwo gouvènman federal ak politik sosyal pwogresis

Istwa Pati Demokrat la
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:09 0:00

Se nan Ane 1792, lè 2 fondatè peyi a Thomas Jefferson ak James Madison te fonde Pati Repibliken-Demokratik la, ki pral vin tounen pita Pati Demokrat, yo vle pou gouvènman federal la gen yon wòl pi piti, ak plis moun ki patisipe nan mouvman demokrasi a, pa sèlman elit peyi a.

An 1829, Prezidan Andrew Jackson pouse ideyal sa yo pi lwen. Li vle yon gouvènman federal ki menm pi piti e li pouse lide pou tout gason blan vote, olye de sèlman pwopriyetè tè.

Se 41 ane ki pase anvan pou Gason Nwa Ameriken jwenn dwa pou vote; ak pasaj 15yèm Amannman an.

Fanm pa Jwenn Dwa vote pandan 91 ane, Sa ki vin chanje ak pasaj 19yèm Amannman an.

E se apre 136 ane Voting Rights Act la vin kraze tout baryè ki anpeche

Nwa vote.

Se siksè kanpay prezidansyèl Jackson ki te bay senbòl Pati Demokrat la - bourik la.

Advèsè li yo te rele l yon "kreten," yon maskot ke sipòtè li yo te adopte.

Pati Demokrat la divize selon jeyografi peyi a an 1860 nan epòk ki mennen nan Gè Sivil la. Demokrat nan Nò ak Demokrat nan Sid pa ka antann yo sou kesyon esklavaj ak efò pou prezève Inyon an.

Lè pati Sid la pèdi Gè Sivil la an 1865, Pati Demokrat la pèdi enpòtans nasyonal li pou plizyè jenerasyon, pandan ke Pati Repibliken Abraham Lincoln lan domine politik peyi a.

Vè 1912, lè premye Demokrat nan Sid la eli prezidan depi finisman Gè Sivil la, pati a vin pi pwogresis. Prezidan Woodrow Wilson defann dwa pou fanm vote, sa ke peyi a te ratifye an 1920.

Se jis nan epòk Gran Depresyon an Demokrat yo vin repran dominasyon yo nan politik la, ak nan tèt yo Prezidan Franklin Delano Roosevelt ki laji wòl gouvènman federal la.

Anpil elektè Ameriken nwa travèse nan Pati Demokrat la akòz politik Roosevelt yo.

Demokrat yo kontwole politik peyi a pou yon bon valè nan 50 ane ki vini apre, e pati a vin ale plis agoch nan kesyon politik sosyal.

Nan mitan ane 1960 yo, Lyndon Johnson pase pwojè lwa sou dwa sivik ak sou plis pwogram sosyal nan gouvènman an.

Nan dizèn lane ki sot pase yo, Demokrat ak Repibliken, yo len fè pas bay lòt nan kontwòl prezidans la.

Prezidan Demokrat Barack Obama, se premye prezidan Nwa Ameriken e li bay gouvènman an yon pi gran wòl nan swen sante.

Li siyen yon Lwa sou Swen sante Abòdab, ki rele "Obamacare".

Lè Prezidan Joe Biden moute prezidan Nan epòk pandemi COVID-19 la, li menm ak palmantè yo pase yon pwgram $1.8 milya èd COVID-19, yon pwojè lwa $1.2 milya pou enfrastrikti ak $369 milya pou konbat chanjman klima.

XS
SM
MD
LG