Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Prezante Eskiz li Pou Pawòl Vilgè li Itilize Pandan li tap Pale de Gason Makomè


Foto Achiv: Pap Franswa rive pou odyans jeneral li sou plas Sen Pierre la nan Vatikan an, 22 Me, 2024.
Foto Achiv: Pap Franswa rive pou odyans jeneral li sou plas Sen Pierre la nan Vatikan an, 22 Me, 2024.

Pap Franswa prezante eskiz li apre yo te site yon pawòl vilgè li te sèvi pandan li tap pale sou gason makomè yo pou reafime entèdiksyon legliz Katolik kont prèt ki omoseksyèl.

Pòt pawòl Vatikan an, Matteo Bruni pibliye yon deklarasyon Madi kote li admèt ke Franswa te di sa laprès rapote a.

Dapre deklarasyon an, Pap Franswa te fè deklarasyon an pandan yon rankont prive ak evèk Italyen yo 20 Me.

Laprès Italyèn site pawol plizyè evèk Italyen ke yo pa idantifye ki rapòte ke Franswa tap blage avè yo lè li sèvi ak pawòl "pede" nan lang italyen - pandan rankont la.

Pap la te sèvi ak pawòl sa yo pou reafime entèdiksyon Vatikan an kont pèmisyon pou gason makomè antre nan seminè yo epi vinn prèt.

XS
SM
MD
LG