Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis Trennen Mèt Ticketmaster nan Tribinal


Ticketmaster Antitrust Lawsuit
Ticketmaster Antitrust Lawsuit

WASHINGTON (AP) — Depatman Lajistis trennen nan tribunal konpayi ki paran Ticketmaster a, anba akizasyon ke li pran yon monopòl ilegal sou tout aktivite tankou bal ak festival sou tèritwa ameriken an.

Plent ke Depatman Jistis depoze Jedi nan tribunal Manhattan mande pou kraze sistèm nan ki pa bay chans pou konpetisyon e ki fè fanatik peye plis pou aktivite yo.

Pwosè kont monopòl la jwenn sipò 30 pwokirè jeneral eta ak distri.

Depatman Jistis ap chache demonte monopòl la ki, li di, mete ti pwomotè yo deyò nan biznis, sa ki pa bon pou atis yo e nwaye pri tikè aktivite yo anba frè ki tonbe sou achtè yo.

Ticketmaster ak pwopriyetè li, Live Nation Entertainment, di akizasyon sa yo pa kanpe sou anyen e yo pwomèt pou konbat yo.

XS
SM
MD
LG