Accessibility links

 
Irland, Nòvèj ak Espay Rekonèt yon Eta Palestinyen
Breaking News

Irland, Nòvèj ak Espay Rekonèt yon Eta Palestinyen


Spain Europe Israel Palestinians
Spain Europe Israel Palestinians

Irland, Nòvèj ak Espay, yo chak anonse jodi mèkredi a yo rekonèt yon eta palestinyen e ke yo bezwen yon solisyon 2 eta pou yon lapè dirab nan rejyon an.

“Gè ki ap kontinye nan Gaza a moutre klè kou dlo kòk ke lapè ak estabilite nan rejyon an dwe chita sou yon solisyon pou kesyon palestinyen an,” se pawòl Premye-minis Nòvèj, Jonas Gahr Store. Li di, “Lagè a rive nan nivo ki pi ba a nan konfli Izrayèl Palestin nan ki ap pwolonje. Sityasyon nan Mwayenn Oryan an pa te janm grav konsa depi anpil ane. »

Nòvèj di gen yon gwo konsantman entènasyonal sou nesesite pou gen yon solisyon 2 eta, antwòt te gen yon vòt, mwa sa a, kote yon kokenn majorite nan Asanble Jeneral l-ONU an te rekonèt ke Palestinyen yo kalifye pou yo antre nan òganizasyon mondyal la.

Premye-minis Espay, Pedro Sanchez, di desizyon an te baze sou « lapè, jistis ak lojik. »

XS
SM
MD
LG