Accessibility links

Breaking News

Sè Lidè Kore di Nò a Kim Demanti ke Peyi l Founi Larisi Zam


Koreas Tensions
Koreas Tensions

SEOUL, Kore di Sid (AP) — Sè lidè Kore di Nò Kim Jong Un ki gen anpil enfliyans demanti yon lòt fwa ke peyi li ekspòte zam bay Larisi.

Kim Yo Jong di pawòl ki ap sikile ki fè kwè gen antant sou zam ant Kore di Nò ak Larisi a pawòl sa a pa kanpe sou anyen."

Li fè deklarasyon Vandredi 17 Me a, kote li di Kore di Nò pa te gen okenn entansyon ekspòte kapasite teknik militè li nan okenn peyi ni ouvri yo bay piblik la.

Etazini ak Kore di Sid akize Kore di Nò kòmkwa li founi Larisi pyès kanno ak misil pou lagè li nan Ikrèn an retou pou Larisi ka ba li teknoloji militè avanse ak èd ekonomik.

Larisi tou rejte akizasyon sa a.

XS
SM
MD
LG