Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Zak Vyolans Gang yo Lakoz Plis Pase 53,000 Moun kite Potoprens nan Mwenske 3 Semèn


Moun kouri pou chache abrite ko yo nan moman lapolis lanse gaz lakrimojen pou eseye dispese moun ki nan zon Pale Nasyonal la nan Potoprens, 2 Avril, 2024.
Moun kouri pou chache abrite ko yo nan moman lapolis lanse gaz lakrimojen pou eseye dispese moun ki nan zon Pale Nasyonal la nan Potoprens, 2 Avril, 2024.

Plis pase 53,000 moun kouri kite kapital Ayiti nan mwens pase 3 semèn pandan zak vyolans gang ki lakoz anpil moun mouri, ap kontinye nan peyi a.

Chif sa se dapre yon nouvo rapò Nasyonzini pibliye. Majorite moun kap kouri yo ale nan rejyon riral sid peyi d Ayiti.

Sa enkyete ofisyèl Nasyonzini yo paske pati sid la pa gen ase enfrastrikti oswa resous. Deja gen plis pase 116,000 Ayisyen ki kite Pòtoprens.

Egzòd la te kòmanse yon ti tan apre gang pwisan yo te lanse yon seri atak sou enstitisyon gouvènman an nan fen mwad Fevriye a.

XS
SM
MD
LG