Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Rejte Defi Repibliken yo te Poze pou 'Pwogram Biden nan'


Immigration Humanitarian Parole
Immigration Humanitarian Parole

Yon jij federal nan eta Texas rejte Vandredi, defi plizyè eta Repibiken te prezante pou mande yo sispan pwogram administrasyon Biden nan ki pèmèt plizyè santèn migran ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela aplike pou viza dijans pou antre Etazini.

Jij Drew Tipton pwononse desizyon li nan vil Victoria, eta Texas. Jij la di gen 21 eta, ki te gen Texas a la tèt yo ki te kanpe ansanm pou asiyen administrasyon an an 2023. Li di li rejte defi a paske dokiman legal yo depoze a pat montre kijan pwogram "pawòl" (imanitè) a, ki kite yon afè 30,000 migran pa mwa antre Etazini te koze yo okenn domaj.

Gen 234,000 Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen ki antre Ozetazini anba pwogram sa a depi mwad Novanm 2023, dapre done Depatman Sekirite Nasyonal (DHS) pibliye.

Pou kalifye pou pwogram nan, fok migran yo gen yon sponsò epi antre Etazini pa avyon.

Tipton fè remake nan desizyon li ke kantite moun ki antre ilegalman Ozetazini depi 4 peyi sa yo diminye drastikman - swa pa 44%. Jij la pa adrese pati pwosè a ki di Depatman Sekirite Nasyonal la pa gen otorite pou l adopte pwogram sa a.

Sekretè Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas bat bravo pou desizyon an. Li dekri pwogram "pawòl imanitè a" tankou yon eleman kle jefò Etazini ap fè pou jere pakèt migran ki vle antre lakay li soti toupatou nan emisfè Oksidantal la.

Biwo avoka eta Texas la Ken Paxton, ki se yon Repibliken, pa reponn demann ajans nouvèl Reuters fè pou komantè sou desizyon jij la.

XS
SM
MD
LG