Accessibility links

Breaking News

Yon Sòlda Ameriken Eseye Mete Dife Sou Tèt li Devan Anbasad Izrayèl nan Washington


U.S. Embassy at the Green zone in Baghdad
U.S. Embassy at the Green zone in Baghdad

Dimanch 25 Fevriye, yon sòlda ameriken te soti blese seryezman pandan li t ap eseye mete dife sou li andeyò anbasad Izraelyèn nan Washington. Dapre sa medya lokal yo rapòte, misye t ap pwoteste kont lagè Gaza a.

Sèvis ijans yo te kouri ale sou plas yon ti tan anvan 1:00 p.m. (6:00 p.m. GMT) pou reponn yon "apèl konsènan yon moun ki pran dife devan anbasad Izraelyèn nan", dapre sa sèvis ponpye Washington te di sou rezo X.

Lè yo rive, yo jwenn ke Sèvis Sekrè a, sèvis pwoteksyon pou gwo ofisyèl nan eta Ameriken an, te deja etenn dife a.

Yo te mennen nonm lan lopital ak "blesi grav.

Yon pòtpawòl fòs aeryen konfime bay AFP ke li se yon manm aktif lame a, san li pa bay plis detay.

Bò kote pa l, anbasad Izrayelyen an fè konnen pa gen okenn manm pèsonèl ki te blese nan ensidan an e ke yo pa rekonèt militè Ameriken an.

Videyo ki te aparamman pibliye nan an dirèk sou Twitch, montre nonm nan ', an inifòm militè, e li deklare ke li "pa pral konplis nan yon jenosid" epi apre sa li mouye tèt li ak yon likid, epi, li eseye mete dife sou tèt li pandan li t'ap rele "Libere Palestine!" (Libere Palestine!), jiskaske li tonbe atè.

AFP pa t imedyatman kapab verifye videyo a. New York Times rapòte ke li te retire nan Twitch.

Zak sa a rive nan yon moman kote manifestasyon yo ap ogmante Ozetazini kont atak Izrayèl la nan Gaza, kote lame Izrayelyen an ap mennen yon lagè apre yon atak san parèy komando Hamas te fè 7 oktòb kote yo te enfiltre teritwa Izrayelyen an.

XS
SM
MD
LG