Accessibility links

Breaking News

Larisi : Otorite yo Remèt Kadav Alexei Navalny Bay Manman l '


RUSSIA-NAVALNY/DEATH-BODY
RUSSIA-NAVALNY/DEATH-BODY

Yon asistan Alexei Navalny fè konnen ke otorite yo remèt kadav lidè opozisyon Ris la bay manman l.

Direktè Fondasyon Anti-Koripsyon Navalny te fè anons la sou kont Telegram li a e li remèsye "tout moun" ki te mande otorite Ris yo pou yo remèt kadav Navalny bay manman l.

Vèv Navalny te lanse akizasyon kont Prezidan ris la Vladimir Putin Samdi, li fè konnen ke li ap pase Krisyanis nan betiz apre otorite yo te eseye fòse manman l dakò pou yo fè yon antèman sekrè apre lanmò lidè opozisyon an nan yon koloni penal Aktik.

Manman Navalny te mande otorite Larisi yo pou retounen kadav pitit gason l ba li depi plis pase yon semèn.

Li poko klè kilè oswa ki jan antèman an pral fèt.

XS
SM
MD
LG